Kontab Teren / Field Accountant

Entreprise: Acceso Peanut Enterprise Corporation, S.A.

Type de contrat de travail:
Temps plein

Secteur d'activité:
Finance-Comptabilité et Audit

Localisation: Mirebalais, Haiti

Date d'embauche: 5 février 2018

Publiée le: Jan 22, 2018

Postuler!

Kontab Teren / Field Accountant at Acceso Peanut Enterprise Corporation, S.A.

Description du poste:

II. Enfòmasyon sou pòs la
Kontab teren an responsab pou anrejistre ak òganize tout tranzakzyon APEC nan Plato Santral, epi soumèt rapò bay biwo potoprens la tankou transfè stòk ak chif transfòmasyon yo, fakti ki ale jwenn kliyan yo, resi depans yo, fakti founisè, etc.

III. Fonksyon esansyèl ak Responsabilite
Tach sa yo bay enfòmasyon sou aktivite ki dwe fèt, men li pa limite ak sa sèlman. Sa ki pa ekri la a, pa anpeche ke li fè pati de responsabilite yo, si travay la se menm nan, oubyen lye ak travay la, oubyen se yon tach ki lojikman fè pati pozisyon an.

♣ Kenbe yon baz done elektronik epi transfere tout kopi sou papye yo nan biwo Pòtoprens la;
♣ Verifye epi anrejistre tout transfè stòk ak resi yo, ansanm ak responsab stòk la;
♣ Verifye ak anrejistre tout transfòmasyon pistach, nan fòm konvèsyon yo, ansanm ak responsab izin Nourimanba a;
♣ Rasanble epi anrejistre fakti transfòmasyon pistach yo nan Izin Nourimanba a;
♣ Asiste Responsab pepinyè a ak responsab stòk la nan peròl ouvrye jounalye yo;
♣ Prepare, verifye ak anrejistre tout resi pèman ouvrye jounalye yo;
♣ Asiste Direktè Administratif la nan avans lajan l’ap fè bay ekip teren an;
♣ Ramase ak anrejistre resi pèman plantè yo nan kolaborasyon ak Direktè Pwodiksyon an;
♣ Ramase ak anrejistre resi vant entran agrikòl yo bay plantè yo, nan kolaborasyon ak Direktè Pwodiksyon an;
♣ Jere ti kès biwo teren an epi anrejistre tout depans yo;
♣ Aisiste responsab stòk la nan kontòl envantè depo yo chak mwa;
♣ Sipèvize founiti biwo teren an epi travay avèk Direktè Administratif la pou tout kòmand ki nesesè.

II. Position Description
The field accountant is responsible for recording and organizing all APEC’s transactions in the Central Plateau and submitting the records to the office in Port-au-Prince. This includes inventory transfers and processing conversions, invoices to customers, cash receipts, supplier invoices, etc.

III. Essential Job Functions & Responsibilities
The duties listed below are intended as illustrations of the types of duties that may be performed.  The omission of specific duties does not exclude them from the position if the work is similar, related or a logical assignment to this position.

♣ Maintain electronic database and collect and transfer all hard-copy receipts to Port au Prince;
♣ Track and record inventory transfers and receipts in collaboration with Inventory Manager;
♣ Track and record peanut processing conversions in collaboration with Nourimamba facility;
♣ Collect and record peanut processing invoices from Nourimamba facility;
♣ Assist Nursery Manager and Inventory Manager in payment of temporary day labor;
♣ Issue, track, and record day-labor payment receipts;
♣ Assist Administrative Manager in the dispersal of cash advances to the field team;
♣ Collect and record farmer payment receipts in collaboration with Production Manager;
♣ Collect and record farmer input sales receipts in collaboration with Production Manager;
♣ Maintain the field office petty cash fund and record all expenditures;
♣ Assist Inventory Manager in conducting monthly audits on depot inventory;
♣ Monitor field office supplies and work with Administrative Manager to reorder as necessary.

Qualifications requises:

IV. Edikasyon, eksperyans travay ank lang
♣ Gen yon lisans oubyen fè yon lekòl kontabilite
♣ Twa zan (3) minimum ap travay kòm kontab oubyen sipèvizè kès labank;
♣ Bon jan lespri antreprenè ak bon sans biznis;
♣ Konesans avanse nan Suit aplikasyon Microsoft yo, sitou metòd ramasaj done ak pwodiksyon rapò;
♣ Pale ak ekri trè byen kreyòl ak fransè. Konn pale anglè t’ap enpòtan anpil.
♣ 20% deplasman pou vini Pòtoprens

IV. Education, Work Experience & Languages
♣ A Bachelor’s degree or major course work in accounting or a related field;
♣ Three (3) years experience minimum experience as an accountant or bank teller;
♣ Strong entrepreneurial spirit and business sense;
♣ Advanced user of MS Office Suite applications, particularly as related to data collection and reporting methods;
♣ Oral and written fluency in Haitian Creole and French (fluency in English a strong plus).
♣ 20% local travel (to Port-au-Prince)

A propos de Acceso Peanut Enterprise Corporation, S.A.

I. Elevate Social Businesses ak Acceso Peanut Enterprise Corporation:
Elevate Social Businesses (ansyen Clinton Giustra Enterprise Partnership (CGEP)) se yon kreyatè biznis sosyal ki pote solisyon antrepreneryal nan povrete nan mond lan. Elevate kòmanse konstwui depi nan baz la, anba nèt, epi jere biznis k’ap’ travay ak ti plantè ki gen ti fèm, pechè ak fanm antreprenè yo. Elevate ap travay pou amelyore mwayen sibstans yo, kidonk mwayen pou yo viv chak jou, nan ba yo zouti yo bezwen – depi nan fòmasyon ak finansman teknoloji ak inovasyon – epi konekte yo ak mache yo pou yo kapab pwospere.

Elevate mete sou pye de (2) kalite biznis: rasanble plantè yo epi ba yo sèvis agrikòl, ak biznis distribisyon enklizif. Nan kòmanse depi nan baz la, ak yon apwòch ki fokalize sou mache yo ak gwo konpayi yo, nan ofri yon soutyen efecktif ki soti nan ekip santral la, Elevate rive elimine anpil risk ak baryè ki te anpeche biznis sosyal yo rive fè siksè nan devlopman ekonomik. Pou plis enfòmasyon, vizite sit wèb nou  www.elevatesocialbusiness.org.

Nan mwa janvye 2014 la, CGEP, kounye a Elevate, te lanse Acceso Peanut Enterprise Corporation (APEC), yon antrepriz sosyal ki se yon chèn apwovizyonman nan pistach an Ayiti, ki vize amelyorasyon mwayen ti plantè ak ti fèm yo, nan konekte yo ak mache yo, epi ede yo grandi ak mete an pratik teknik agrikilti dirab. Depi lane 2014, APEC sipòte plis pase 3,000 ti plantè atravè fòmasyon, pakè kredi agrikòl, ak angajman pou l’ achte nan yon pri mache ki ekitab. Pou kounye a, APEC deja rasanble, teste ak livre plis ke 750 tòn metric pistach bay plis ke yon douzèn achtè, epi sèvi kòm yon entèmedyè enpòtan ant ti plantè yo, achtè local ak entènasyonal, ak plizyè òganizasyon an Ayiti.

I. About Elevate Social Businesses & Acceso Peanut Enterprise Corporation:
Elevate Social Businesses (formerly Clinton Giustra Enterprise Partnership) is a social business builder that brings entrepreneurial solutions to global poverty. Elevate builds from scratch and manages businesses that work with smallholder farmers, fishers, and women entrepreneurs. Elevate works to improve their livelihoods by providing the tools they need – from training and financing to technology and innovation – and connecting them to markets where they can prosper.

Elevate builds two types of businesses: farmer services and aggregation, and inclusive distribution. By building businesses from scratch using a market-driven approach working with large companies and providing value-added support from an expert central team, Elevate is able to eliminate many of the risks and barriers that prevent social businesses focused on economic development from being successful. For more information, visit www.elevatesocialbusiness.org.

In January 2014, CGEP launched Acceso Peanut Enterprise Corporation (APEC), a peanut supply chain social business in Haiti aimed at improving smallholder livelihoods through market connections and enhanced and sustainable agriculture techniques. Since 2014, APEC has supported over 3,000 farmers through trainings, credit packages, and purchase commitments at fair market prices. To date, APEC has aggregated, tested, and delivered over 750 MT of peanuts to dozens of buyers, and served as a critical, value creating intermediary between smallholder famers, domestic and international buyers and numerous organizations in Haiti.

Job509 affiche les opportunités de travail destinées aux professionels haitiens établis en Haiti ou à l'étranger.

Suivez Job509

Rebo Behrmann_motors Usaid Crs Worldvision Dhl Bseiph_job509 Image brana

Connecter



   Mot de passe oublié ?